AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Apèn siyen, Ruben Providence deja jwenn konfyans antrenè a

imaj atik la

30 dawout 2026   Neuvième Junior   1376

Aprè Ruben Providence fin siyen ak Bodrum FK, li te rive jwenn konfyans antrenè klèb la ki te chwazi entegre l nan lis jwè ki t ap jwe match 4èm jounen chanpyona Tiki a.


Aprè Ruben Providence fin siyen ak Bodrum FK, li te rive jwenn konfyans antrenè klèb la ki te chwazi entegre l nan lis jwè ki t ap jwe match 4èm jounen chanpyona Tiki a.

Pou premye match li ak nouvo klèb tik lan, entènasyonal ayisyen an te gen yon gwo defi devan yo nan 4èm jounen Trendyol 1 Lig la, kont Manisa FK. Men grenadye a pa rive soti ak viktwa a pou premye match li ak klèb la.

Anvan match la, Bodrum te gen sèlman 2 pwen aprè 3 premye jounen yo, pandan Manisa te deja ranmase 7 pwen kote pa l. Sa vle di, klèb Ruben lan te gen yon obligasyon pou chache fè viktwa nan lide pou pwogrese nan klasman an. Malerezman pou yo, sa pa rive fèt.

Pou Providence, match sa a te reprezante youn nan premye gwo opòtinite l ak nouvo klèb li a. Bodrum FK te anonse arive jwè ayisyen an nan dat 27 dawout 2026, aprè pasaj li nan Almere City.

Avèk klèb tik lan, Ruben kite jwenn konvokasyon antrenè a, te kòmanse asiste rankont lan sou ban. Nan 63èm minit, Sefer Yilmaz te pèmèt li fè premye aparisyon l sou koulè Bodrum FK ki pako janm dekwoche premye viktwa yo nan chanpyona a.

Anvan aterisaj Providence nan klèb la, ekip la te konnen yon defèt e 2 match nil. Jodi a, pou yon twazyèm fwa, Bodrum FK fè yon lòt match nil (0-0) e rive sove yon grenn pwen. Konsa, ekip la konte 3 pwen aprè 4 jounen e okipe 16èm plas chanpyona a pou moman an.

Nan nouvo defi sa, Ruben ap gen pou pote vitès li, kapasite l pou fè diferans nan atak la e montre nivo pèkisyon li fas advèsè l pral gen pou kwaze sou chimen l pwochèn fwa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou