AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Carlens Arcus sòti ak premye viktwa l pou sezon an nan Ligue 1 an

imaj atik la

30 dawou 2026   Benswilkenson Jean   387

Defansè lateral dwat ayisyen an Carlens Arcus fè premye viktwa l sou 2 match ekip li jwe nan Ligue1 an sezon sa.


Grenadye 30 lane a ki se yon potomitan nan defans klèb fransè a jwe 2èm match li pou sezon an nan Ligue 1 an. Aprè match fas Lille la kote yo te pèdi 2-0, grenadye a te monte nan fen match la (85èm minit) li pa t ka anpeche defèt ekip la.

Pou dezyèm match li, li jwe fas lòt ekip konpatriyòt li Josué Casimir (AJ Auxere), li te titilè epi ede ekip li fè premye viktwa l pou sezon an (3-1). Malerezman pou lòt grenadye a li pa t titilè men li te monte nan 71èm minit, malerezman li pa t ka evite defèt ekip li a fas Arcus Carlens.

Pou kounya Angers twouve l nan 7èm plas la ak 3 pwen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou