Yassine Fortuné te patisipe nan bèl viktwa FC Vizela fè 3-0 jodi a kont Torreense, ki gen Dany Jean ap jwe ladann. Match sa jwe nan kad 4èm jounen dezyèm divizyon Pòtigè a ki gen 2 entènasyonal ayisyen ap evolye.

Nan rankont sila, Yassin pa t kòmanse kòm titilè menmjan ak Dany. Malgre sa, klèb li a rive enpoze l pou rache dezyèm viktwa yo nan chanpyona a pou sezon an.
Kote Fortuné, li te kòmanse match la sou ban, anvan li te antre nan 61èm minit pou pote sipò ak ekip lan ki te deja pran kontwòl rankont lan. Pou l te antre nan match la, manadjè a te ranplase Miguel Tavares. Li te jwe dènye demi èdtan yo pandan Vizela t ap kontwole avantaj li sou ekip Dany an.
Pou pote Vizela, yo te oblije konte sou Anthony Carter 16èm e 36èm ak Ângelo Neto kite mete match la 3-0
Pou Fortuné
Menm si li pa t make gòl, antre Yassin an montre li rete yon opsyon enpòtan nan atak Vizela a. Pou yon jwè ayisyen k ap evolye nan dezyèm divizyon Pòtigal la, prezans li nan ekip la se yon bon siy pou sezon an. Estat match la konfime, grenadye a te antre nan 61èm minit pou vin kore eksplwa ekip li a fè an deplasman lakay Torreese.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou