Nan 4èm jounen Dezyèm Divizyon Pòtigal la, Dany Jean ak Torreense te resevwa FC Vizela pou tante fè premye viktwa yo nan chanpyona a e pran yon twa pwen ki t ap ede yo pwogrese nan klasman an. Malerezman, match la fini ak yon viktwa klè pou Vizela, 3-0 ki vin bat Dany ak koyekipye l yo lakay li.

Kòman sa te ye pou grenadye a
Pou Dany Jean ki t ap jwe anfas klèb Yassin Fortune an, entènasyonal ayisyen an ki jwe kòm atakan ou ankò elye pou Torreense te titilè nan rankont lan. Men, pwodwi ayisyen an te rete sou teren an jiska 56èm minit san rive pote fwi pou ekip li, anvan antrenè a te chwazi ranplase l pa Manuel Pozo.
Bilan Dany Jean
Dany Jean te kòmanse match la, men li pa t rive fè diferans sou plan ofansif anvan menm li soti nan dezyèm mitan an. Ak defèt sa, se yon lòt rezilta difisil nan kòmansman sezon an pou Jean ak koyekipye li yo, pandan klèb la poko ka jwenn premye viktwa li nan chanpyona a aprè 4 jounen.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou