AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Zenith Saint Petersbourg kontinye ap jwe san presans atakan ayisyèn lan Kiki Joseph

imaj atik la

30 dawou 2026   Benswilkenson Jean   318

Klèb fanm peyi Risi a Zenith Saint Petersbourg jwe plizyè match san atakan entènasyonal ayisyèn lan Kiki.


Fanm grenadye a ki te yon pyès enpòtan anndan ekip sa poko menm nan fèy yon grenn match ekip la pou sezon an. Klèb la deja jwe anviwon 15 match nan chanpyona a san prezans fanm kreyòl la.

Women's Super League la gentan sou 17èm jounen l. Shwendesky Marcelus Joseph ki rejwenn klèb la depi 2022 poko jwe yon grenn match nan chanpyona a ak klèb la.

Dènye fwa natif Delma a te monte tèren foutbòl se depi 25 jiyè pase a nan kadefinal koup fanm peyi Risi a kote li te make yon gòl.

Okenn enfòmasyon pa bay pou konnen si jwèz la blese oubyen si se lòt pwoblèm li genyen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou