Nan dat 13 avril pase a, nan yon lèt li te pibliye sou paj facebook li, defansè ayisyèn Ruthny Mathurin te fè konnen li fè yon operasyon nan jenou l e tou pwofite pran swen pou plizyè lòt pwoblèm li te genyen.
Nan epòk la li te apèn siyen anndan klèb espanyòl Alhama CF a kote li te jwe yon sèl match ak klèb la. Malerezman se te yon defèt nan 18èm jounen premye divizyon chanpyona fanm espanyòl la. Li te jwe sèlman 46 minit.
Kèk mwa aprè anons operasyon an ki te fèt ak siksè, jwez ayisyèn lan te kòmanse fè egzèsis nan sal. Sa ki yon bon nouvèl pou eta sante jwez la. Men malerezman li poko kòmanse antrene ak klèb la ki relege nan dezyèm divizyon ane sa.
Kontinye swiv GolAyiti sou tout rezo yo pou ret enfòme sou tout jwè ak jwez grenadye yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou