Kredi Foto: @RC Lens Féminin
Sezon foutbòl la kòmanse nan peyi Lafrans. Yon non ki deja kòmanse fè pale de li nan foutbòl ayisyen an se Roseline Eloissaint ki deja ap mete anprent li sou koulè Racing Club Lens.
Malgre Arkema Première Ligue la poko kòmanse, atakan entènasyonal ayisyèn lan deja kòmanse briye depi sou premye aparisyon l avèk San ak Lò yo, sòti nan match preparasyon yo rive nan 2 premye match Coupe LFFP yo.
Ayè samdi an, Roseline Eloissaint kontribiye nan viktwa RC Lens fè kont FC Metz lan (3-0) avèk yon gòl li te make nan 63èm minit. Grenadye an ki te titilè epi jwe tout match lan, pwofite opòtinite sa pou enskri twazyèm gòl li avèk San ak Lò yo.
Ansyen jwez FC Nantes lan rejwenn yon nouvo anviwonman ki ofri l opòtinite pou l montre talan li. Roseline Eloissaint jwenn nan RC Lens konpatriyòt li Jennyfer Limage, ki li menm tou te titilè nan rankont sa.
Atakan entènasyonal ayisyèn lan byen lanse l pou nouvo sezon an kote l deja genyen yon plas titilè avèk RC Lens. Annatandan Arkema Première Ligue lan kòmanse, San ak Lò yo deja gen yon ide sou wòl ak enpòtans Roseline Eloissaint pral genyen nan pwojè yo pou sezon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou