Devan piblik yo, Pardubice 1-2 Artis Brno te resevwa klèb Artis la nan kad 6èm jounen Chance Liga Tchèk la, samdi 29 dawout 2026 lan. Nan fas kare sa, Simon ki pa t gen chans monte tèren an te enpwisan fas Artis ki fè remontada nan dezyèm mitan an pou ranpòte viktwa a.

Pou Dominique Simon
Nan match sa, Dominique Simon te nan lis ekip la. Men, antrenè a pa t fè apèl ak li pou pote sipò l ak ekip la ki t ap goumen pou anpeche yon defèt ki pa bon pou yo ditou. Grenadye a te oblije pase tout tan match la sou ban. E lè n ap swiv done ki disponib yo, nou wè Dominique deja fè 67 minit kont Sigma Olomouc nan chanpyona a epi li te jwe 45 minit nan MOL Cup kont Písek. Aprè, milye tèren ayisyen an pako rive pran plas nan 11 lan vrèman.
Toujou pou Dominique Simon, sezon sa a reprezante yon nouvo opòtinite pou l pran plis responsabilite nan mitan teren an epi ede Pardubice sòti nan difikilte li yo. Pou sa, li dwe chache konvenk antrenè a epi chache enpoze l pou pran plas titilè a.
Pou Pardubice
Pardubice te kòmanse match la byen e li te rive pran avantaj lan, men ekip la pa t kapab konsève rezilta a. Artis Brno te itilize resous ak mantalite ganyan yo genyen an pou ranvèse sitiyasyon an nan dezyèm mitan pou genyen 2-1, sa ki kite Pardubice toujou ap chèche premye viktwa li nan sezon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou