Kredi Foto: @Inter Women
Nan okazyon dezyèm jounen Koup Serie A fanm nan, Inter Milan fè yon festival kont Napoli avèk yon viktwa 6-0. Nan match sa, Brittany Raphino make premye gòl ofisyèl li sou koulè nouvo klèb li an.
Atakan entènasyonal ayisyèn lan ki te titilè nan rankont sa, montre yon lòt fwa ankò kalite bitè li. Sou yon pas an pwofondè nan 34èm minit, Brittany Raphino ta pral byen resevwa balon an epi mete l nan filè aprè yon kwochè pou te mete l anfas kan an.
Grenadye an ki rejwenn Inter Milan pandan ete sa, kontinye fè youn nan sa l fè pi byen yo. Aprè twa gòl li te deja make pandan preparasyon yo, Raphino fè pandan wikenn sa premye gòl li nan match ofisyèl.
Malgre l pa t fin jwe match la akoz estaf teknik lan te ranplase l pandan poz mitan an, Grenadye an konnen yon moman enpòtan pandan wikenn lan kote l ofisyèlman lanse l kòm bitè ekip Inter Milan an.
N ap raple, Brittany Raphino se yon jwez 25 lane ki fèt nan peyi Etazini, men ki gen papa l Ayisyen. Depi mwa avril ki sot pase an, ansyen atakant Sporting Club lan te chwazi reprezante Ayiti sou sèn entènasyonal la, menmsi l poko jwe sou koulè Grenadye yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou