Kredi Foto: @Thionvilles Lusitanos
Match sa jwe nan kad 10èm jounnen chanpyona twazyèm divizyon fransèz la. Yo te mete fas pou fas 2 ayisyen
Match sa se te Thionville Lusitanos kont ekip Versailles la. Nan Thionville Lusitanos gen 2 ayisyen, Victor Clives Pierre Siat ak Bryan Labissière. Kanta pou ekip Versailles la gen Shelton Guillaume.
Nan kad 10èm jounen an nan chanpyona twazyèm divizyon fransèz la 3 konpatriyòt sa yo te fas pou fas men pami 3 a defansè a Victor Siat pa t gen chans jwe yon minit nan match la. Yon lòt bò gen Bryan Labissière ki te rantre nan match pou Thionville Lusitanos epi gen Shelton Guillaume ki te titilè pou ekip Versailles la.
Aprè Bryan Labissière fin bay yon pas gòl pou pèmèt ekip li egalize ak Versailles nan 88èm minit. Shelton Guillaume pral reponn li nan 90+2 minit ak yon pas gòl tou pou pèmèt ekip li pran 3 pwen an fas Labissière.
Tou 2 atakan ayisyen yo te reponn prezan pou ekip yo men se Shelton ki ranpòte dyèl la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou