AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Lourdjina Etienne chanje klèb

imaj atik la Kredi Foto: @Bourges FC

21 oktòb 2026   Benswilkenson Jean   698

Atakan entènasyonal ayisyèn lan Lourdjina Etienne ofisyèlman kite ekip FC Fleury91 lan pou li al jwe nan klèb Bourges FC a.


Jèn atakan seleksyon nasyonal la Lourdjina Etienne ki gen sèlman 19 lane pral konnen dezyèm klèb ewopeyen l men nan menm peyi a (Lafrans).

Jèn fanm grenadye a ki t ap jwe nan FC Fleury depi lane 2025 lan finalman kite ekip sa pou li al fè eksperyans nan yon klèb fransè ki pote non Bourges FC. Pandan pasaj li anndan klèb FC Fleury a, ansyèn sipèsta seleksyon mwens 17 lane fanm Ayiti a te make yon sèl grenn gòl pou yo pou 7 match li te jwe pou yo.

Lourdjina Etienne depoze valiz li nan klèb Bourges FC a, yon klèb dezyèm divizyon chanpyona fanm peyi Lafrans lan. L ap pote nimewo 22 nan klèb sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )