Kredi Foto: @Versailles
Atakan ayisyen 28 lane a Shelton Pierre pa sispann enpresyone ak pèfòmans li nan Ligue 3 fransèz la.
Shelton Pierre bay yon pas gòl nan viktwa Versailles 2-1 an deplasman fas Thionville Lusitanos ki gen ladan yon lòt konpatriyòt li ki se Bryan Labissière.
Jwè ayisyen sa ki poko janm jwenn benediksyon l nan seleksyon nasyonal la kontinye ak bèl pèfòmans li yo sezon sa menm jan li te fè l sezon pase a.
Pou sezon sa nan 10 match li jwe pou klèb li, Shelton Guillaume make 2 gòl epi bay 4 pas gòl.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou