Ouanaminthe FC deside pa renouvle prè Roobens Philogène nan Association Sportive Capoise (ASC). Nan yon lèt ki date vandredi 23 oktòb 2026, administrasyon klèb la mande jwè a retounen nan gwoup la pou l rekòmanse antrene apati ayè samdi 24 oktòb la.
Daprè lèt administrasyon Ouanaminthe FC voye bay Roobens Philogène, prè li nan ASC a, ki te fèt nan kad seri retou chanpyona sezon pase a, rive nan bout li.
Klèb nòdès la fè konnen li pa prevwa ni pwolonje prè jwè a nan ASC, ni prete l bay yon lòt klèb. Konsa, Roobens Philogène dwe retounen nan Ouanaminthe FC pou l reprann antrènman ak rès ekip la.
Nan menm lèt la, administrasyon an mande jwè a prezante l samdi 24 oktòb la nan espas kote ekip la konn antrene a, pou l rekòmanse aktivite espòtif li anba sipèvizyon estaf teknik la.
Desizyon sa mete fen nan peryòd Roobens Philogène te pase nan ASC a sou fòm prè. Kounye a, jwè a dwe retounen nan Ouanaminthe FC, kote l ap reprann antrènman ak objektif pou l entegre gwoup la pou pwochen aktivite klèb la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou