Kredi Foto: @Ferencvaros
Atakan ayisyen an Lenny Joseph repile tèren foutbòl aprè blesi li te pran nan fen mwa septanm lan. Grenadye a bay yon pas gòl jodi a nan retou li.
Entènasyonal ayisyen 26 lane a Lenny Joseph pa sispann enpoze li sou kontinan ewopeyen an. Grenadye a sot pase prèske yon mwa deyò tèren akoz yon blese li te pran nan match chanpyona Ongri a kont ekip Puskás Akademia a.
Grenadye a retounen sou tèren jodi 22 oktòb 2026 la kont ekip pòtigè Torreense a. Mondyalis 2026 la te monte nan 75èm minit match la. Li bay yon pas gòl nan viktwa ekip li a 4-1 kont klèb pòtigè a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou