AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

AS Capoise anonse Ernso Datus kòm antrenè ekip la

imaj atik la

18 oktòb 2026   Gamarck Antoine   422

AS Capoise anonse, nan aswè dimanch 18 oktòb 2026 la, antrenè Ernso Datus rantre nan fanmi jòn ak nwa yo. Klèb kapwa a konte sou ekspètiz ak kapasite lidèchip nouvo antrenè a pou ede Vye Kòk Kapwa yo atenn objektif yo sezon sa.


Nan mesaj akèy li a, AS Capoise swete Ernso Datus byenvini epi eksprime volonte pou kolaborasyon sa a pèmèt ekip la rive nan piwo nivo nan konpetisyon yo.

« Ansanm, n ap genyen» Se mesaj klèb la voye pou make vini nouvo antrenè li a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou