Entènasyonal ayisyen Clifford Thomas ak Mount Pleasant FA valide tikè yo pou final Caribbean Cup 2026 la aprè yo fin bat Club Sando 2-0 nan match retou demi lfinal la, jedi 22 oktòb la. Yon kalifikasyon ki pèmèt klèb jamayiken an jwenn plas li tou nan Ligue des Champions CONCACAF 2027 la.
Mount Pleasant FA fè diferans lan nan match retou a pou l mete fen nan espwa Club Sando, aprè de ekip yo te separe ak yon match nil 1-1 nan match ale a. Avèk viktwa 2-0 sa, ekip jamayiken an pran avantaj sou tout seri demifinal la pou l kalifye pou dènye etap konpetisyon an.
Clifford Thomas te prezan sou teren an pandan viktwa ekip li, kote li te akonpaye koekipye li yo nan viktwa ki louvri pòt final la pou klèb la.
Apa kalifikasyon pou final Caribbean Cup 2026 la, Mount Pleasant FA jwenn yon lòt rekonpans enpòtan ki se yon plas nan Ligue des Champions CONCACAF 2027 la. Se yon opòtinite pou klèb la kontinye fè wout li sou sèn rejyonal la, pandan l ap prepare pou goumen pou tit Karayib la.
Pou entènasyonal Ayisyen an Clifford Thomas, kalifikasyon sa reprezante yon nouvo etap nan avanti li ak fòmasyon jamayiken an. Ansyen jwè Akayè a ak koyekipye li yo ap tann kounye a pou yo konnen ki ekip y ap rankontre nan final la, kote y ap chèche mete men sou twofe Caribbean Cup 2026 la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou