AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Woobens Pacius ak FC Rouen fè yon fo pa nan Ligue 3 a

imaj atik la Kredi Foto: @FC Rouen

19 oktòb 2026   Benswilkenson Jean   766

Atakan Grenadye a Woobens Pacius konnen yon defèt ak klèb li FC Rouen nan kad 10èm jounen chanpyon twazyèm divizyon fransèz la.


Atakan ayisyen an ki gen sèlman 25 lane te kòmanse match la sou ban ak ekip FC Rouen lan fas Paris 13 ki bat yo 3-1 nan kad 10èm jounen Ligue 3 fransèz la.

Jèn atakan ayisyen an ki jwe yon grenn match sèlman ak seleksyon nasyonal la, Woobens Pacius te jwe selman 11 minit nan match FC Rouen lan wikenn sa a. Li pa t ka anpeche bato klèb li a plonje an deplasman sou tèren Paris 13.

Pou kounya FC Rouen poze l nan dezyèm plas klasman ak 20 pwen nan do La Roche ki gen 21 pwen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )