AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Ouanaminthe FC ap akeyi Violette AC nan yon match amikal

imaj atik la

21 oktòb 2026   Gamarck Antoine   1168

Ouanaminthe FC ap resevwa Violette AC nan yon match amikal jedi 22 oktòb 2026 la, apati 4è nan aprèmidi, nan pak Notre-Dame de Sancé, nan vil Wanament. Rankont sa pral pèmèt ekip kapital la kontinye preparasyon li anvan match retou demifinal CONCACAF Caribbean Cup la.


Violette AC, ki se chanpyon seri ni ale ak retou Lig Ayisyèn Foutbòl la, ap pwofite rankont sa a pou l kenbe rit konpetitif li anvan deplasman li nan Jamayik, kote li gen pou l kwaze ak Portmore United FC mèkredi 28 oktòb la.

Ouanaminthe FC ap jwenn okazyon pou l mezire fòs li ak youn nan ekip ki pi renome nan foutbòl ayisyen an. Daprè enfòmasyon ki akonpaye anons rankont lan, dènye fwa de ekip yo te rankontre se te an 2019.

Match sa ap dewoule nan yon kontèks kote Violette ap chèche pi byen prepare pou defi entènasyonal li a, aprè li te pèdi match ale demifinal la 3-1 devan Portmore United FC.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )