AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Charles Herold Jr bay karyè l yon lòt direksyon

imaj atik la Kredi Foto: @Pran sou nèt la.

04 fevriye 2026   Benswilkenson Jean   1306

Ansyen entènasyonal ayisyen an Charles Herold Jr konplete lisans antrenè A,B ak C li. Ak 35 lane ansyen jwè a konvèti tèt li kòm antrenè.


Charles Herold Jr gen 35 lane sou kòlòs bwa tèt li. Ansyen mitan tèren seleksyon ayisyèn lan konplete avèk siksè etid li kòm antrenè nan jwèt foutbòl la.

Ansyen jwè Tempête FC a benefisye yon lisans A,B, C kòm antrenè. Sa ki fè li kapab sou yon ban ekip pa twò lontan.

Se yon nouvo wout ansyen Grenadye a pran aprè 29 match ak seleksyon nasyonal la pandan karyè jwè l. Charles Herold Jr pral gen pou kontinye pasyon l nan jwèt foutbòl la pandan l ap fòme anpil jèn ki pral sou lòd li.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou