Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Jan sa te anonse depi kòmansman lane an, mitan tèren ayisyèn Dayana Pierre-Louis kite Racing Club de Lens pou rejwenn Utah Royals FC nan NWSL lan ki se chanpyona premye divizyon foutbòl fanm lan nan peyi Etazini.
Nan yon kominikasyon ofisyèl jodi jedi an, 2 klèb yo konfime transfè sa ki reyalize nan kad yon kontra sou twa sezon avèk youn kòm opsyon k ap bout nan lane 2029. Dayana Pierre-Louis pral rejwenn konpatriyòt e koyekipye l nan seleksyon an, Nerilia Mondésir, k ap evolye nan Seattle Reign.
Grenadye an ki t ap evolye nan RC Lens depi kòmansman sezon an, te youn nan aktè kle monte Lanswaz yo nan Arkema Première Ligue sezon sa. Sou rezo sosyal yo, Dayana Pierre-Louis te pwofite pou remèsye ekip RC Lens lan ki te akeyi l pandan avanti sa.
Sou koulè San ak Lò yo, Dayana Pierre-Louis jwe 51 match, avèk prensipalman yon bon sezon 2024-2025 ki te kontribye nan siksè RC Lens lan. Nan Arkema Première Ligue lan, Grenadye an patisipe nan 13 match pou sezon sa, ladan yo 8 kòm titilè.
N ap raple, Dayana Pierre-Louis se yon jwez ki fòme an Ayiti, e ki te gen opòtinite entegre ranch Kwadèboukè epi evolye nan tout seleksyon nou yo sòti depi nan U-15 rive nan nivo senyò. Jwez 23 lane a te egalman patisipe nan Mondyal 2023 avèk Grenadye yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou