Kredi Foto: @Golayiti
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Aprè anviwon 2 mwa blese, Grenadye Frantzdy Pierrot te refoule tèren antrènman ak klèb grèk la AEK Athens. Aprè retou sa ak klèb la ki gen yon kantite jwè enpòtan nan atak la deside debarase l ak jwè ayisyen an pou jiska fen sezon an.
Dirijan AEK Athens yo prete Frantzdy Pierrot ak klèb peyi Latiki a Çaykur Rizespor a. Yon klèb ki kreye depi 1968. Çaykur Rizespor Kulübü se tout non klèb sa, yo ba yo ti non Epevye. Yo jwe ak koulè ble ak blan, pafwa yo konn jwe ak koulè vèt tou kòm twazyèm mayo.
Pi bon bitè nan tout listwa yo se entènasyonal kamewounè Leonard Kweuke. Pi bon klasman yo nan listwa chanpyona Tiki a se plas 5èm yo te rive nan lane 1980. Premye fwa yo te monte nan premye divizyon se nan lane 1970 epi nan lane 2001 yo te jwe Koup Intertoto a.
Pou sezon sa a, yo klase 12èm nan Süper Lig la ak 20 pwen aprè 20 jounen nan chanpyona a. Yo sou yon seri 5 match san viktwa avèk 2 defèt ak 3 match nil. Atakan ayisyen an pral gen pou leve nouvo defi sa epi prepare Mondyal 2026 la anndan klèb Tiki a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou