AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Jasmine Vilgrain, yon sovè ki rive nan bon moman pou Stade de Reims

imaj atik la

8 Fevriye 2026   Jacky Chéry   1174

Defansè entènasyonal ayisyèn Jasmine Vilgrain pèmèt Stade de Reims pran yon twa pwen enpòtan lakay Grenoble Foot nan okazyon 12èm jounen Seconde Ligue lan. Remwaz yo genyen yon gòl a zewo, epi pwofite fè yon monte nan klasman an.


Aprè yon kòmansman sezon konplike, Stade de Reims ap reprann timidman, jiskaske jounen jodi a li pa matematikman konsène nan zafè ekip ki plis kapab desann nan twazyèm divizyon yo.

Fas Grenoble Foot, Jasmine Vilgrain sove Remwaz yo gras ak yon grenn gòl nan 13èm minit ki pèmèt Stade de Reims genyen epi monte nan 8èm plas klasman an. Yon twa pwen ki enpòtan pou Remwaz yo k ap batay pou rete nan Seconde Ligue lan lòt sezon.

Aprè yon pasaj nan rezèv Lyon an ak nan Rodez Aveyron, Jasmine Vilgrain jwenn plas li nan defans Stade de Reims lan pou sezon sa. Grenadye an titilè nan pratikman tout match Remwaz yo nan Seconde Ligue lan depi kòmansman sezon an.

Defansè entènasyonal ayisyèn 23 lane an enskri dezyèm gòl li nan Seconde Ligue lan, aprè youn li te deja enskri sezon pase avèk Rodez Aveyron. Jasmine Vilgrain se jwez ekip nasyonal Ayiti an depi oktòb 2022 kote l ta pral jwe pou premye fwa avèk Grenadye yo fas Pòtigal.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou