AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Jean Ricner Bellgarde retounen nan antrènman ak klèb li Wolverhampton

imaj atik la Kredi foto: @Wolve

30 janvye 2026   Benswilkenson Jean   840

Mitan tèren ayisyen an Jean-Ricner Bellegarde antrene ak ekip li Wolverhampton. Jwè a ki te blese depi mwa desanm lan antrene pou premye fwa ak balon ak klèb anglè a.


Grenadye 27 lane a Jean-Ricner Bellegarde foule tèren antrenman ak klèb li Wolverhampton Wanderes aprè anviwon yon mwa san li pa jwe boul.

Jwè a te blese depi 8 desanm 2025 sou yon gòl li te make nan match kont Manchester United nan 15èm jounen Premier League la nan peyi Angletè. Medsen yo te estime jwè a te dwe tounen 31 janvye ki ap vini la a, men erezman pou Grenadye a li tounen 2 jou anvan dat yo te prevwa a.

Bellegarde te blese nan Ichyo janbye li nan match sila a. Jwè a ki te kòmanse ap trase chimen l anndan ekip Wolverhampton lan pral bat pou ede ekip la sòti nan difikilte sa li ye nan Premier League la sezon sa.

N ap raple Wolverhampton se bon dènye nan chanpyona a ak sèlman 8 pwen. Yo gen 17 pwen an mwens ekip ki sou tèt zòn wouj la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou