AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Laurie Ann Moïse byen lanse l nan peyi Masedwàn dinò

imaj atik la

31 Janvye 2026   Jacky Chéry   841

Yon jou sèlman aprè anons ofisyèl ZFK Ljuboten sou kontra avèk Laurie Ann Moïse lan, klèb lan fè yon kokennchenn viktwa (8-0) kont yon lòt klèb masedonyen. Atakan ayisyèn gentan fè filè tranble avèk yon triple li make nan match sa.


Grenadye an ki te titilè pou premye match li nan peyi Masedwàn, enskri yon triple nan match zanmitay sa ki jwe jodi samdi an. Laurie Ann Moïse pwofite okazyon sa pou make premye gòl li nan jèn karyè pwofesyonèl li an ki kòmanse sezon sa.

Aprè yon pasaj tou kout nan peyi Ostrali, Laurie Ann Moïse siyen nan Ljuboten FC pou rès sezon an kote l ap gen pou ranfòse atak ekip li ki se youn nan pi gwo ekip fanm ki genyen nan peyi Masedwàn.

Ansyèn jwez FC Laval, atakan ayisyèn 25 lane an kòmanse pran plas li nan ekip Ljuboten lan ki te tou mete l titilè nan match sa kont ZFK Vardar. N ap note, chanpyona masedonyen an ap gen pou redemare nan twò lontan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou