Aprè eliminasyon seleksyon nasyonal la nan Gold Cup 2025 lan, Ricardo Adé pitit tè a te oblije rejwenn klèb li nan peyi Ekwatè. Apre kèk rankont san prezans li, grenadye a pa t repoze paske li se sòlda.
Pou reponn ak devwa li, Adé te reponn prezan pou jwe kont Orense nan kad 18èm jounen Serie A ekwatoryen an nan Estadio 9 de Mayo a.
Kont senkyèm nan klasman an, LDU al pèdi an deplasman (2-1) malgre prezans pilye defans ayisyen an Ricardo Adé ki kontinye lite pou ede klèb la kenbe prestans li. Poutan grenadye a gen kèk sezon ap swe pou ekip la kontinye pouse pou leve nivo a. Men ta sanble sz pako ka posib pou fason ekip la ki sot fè sezon an ap domine klasman an wè sa diferan pou sezon an. Fas ak sa, ekip la gen obligasyon pou leve nivo a si yo swete kalifye pou jwe Copa Libertadores lòt sezon si yo pa fè yon gran eksplwa nan konpetisyon an sezon sa.
Aprè defèt nan 18èm sòti klèb la, yo wè 5èm lan konte menm kantite pwen ak yo ki se 30. Pou evite pèdi plas yo e pwogrese nan chanpyona a, klèb Adé a dwe fè plis efò pou reponn ak lòt match yo pandan grenadye a dwe eseye rekipere li pou briye menm jan sa abitye fèt.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou