ITALISerieASerieBCoppaItaliaLòt
AKÈY ITALI SerieA

SerieA

AC Milan ap fè yon netwayaj anndan ekip la anvan sezon an kòmanse

imaj atik la

30 jen 2025   Schmidt Jean   630

Ekip AC Milan an ki gen yon nouvo antrenè pou sezon k ap vini an, 4èm yo nan 12 dènye mwa sa yo, kòmanse remèsye anpil jwè ki te nan efektif sezon pase. Ni jwè yo te prete ni jwè ki te nan fen kontra yo, plizyè ladan yo gentan fè malèt yo.


Massimiliano Allegri, k ap fè dezyèm pasaj li kòm antrenè ekip Milan an aprè peryòd 2010-2014 la, sanble pa konte sou anpil jwè ki te nan efektif ekip la pou sezon k ap vini an. Aprè Tijjani Reijnders ki kite ekip la pou ale nan Manchester City pou 52M € plis bonis, 7 lòt jwè gentan kite ekip la.

Marco Pellegrino, yon defansè ajanten ki pa t janm rive enpoze l nan ekip la ale nan Boca Juniors. Kevin Zeroli, yon jèn mitan tèren ki gen avni ale nan Monza an prè.

João Felix, yon veritab paspatou tounen nan klèb li, Chelsea. Se menm bagay la tou pou Riccardo Sottil ki tounen nan Fiorentina. Tammy Abraham, malgre li te make kèk gòl sezon pase a, pa rantre nan plan Allegri.

Luka Jović ak Alessandro Florenzi ki te nan fen kontra yo pa jwenn renouvèlman, yo lib pou siyen nenpòt kote yo vle kounya. Se menm bagay la pou Kyle Walker paske Milan p ap siyen l yon fason pèmanan.

Pandan tout jwè sa yo gentan kite ekip la, Milan pa ko anonse okenn nouvo jwè yo genyen. Men selon medya italyen yo, ta sanble yo ap mete men sou Matteo Ricci, jèn mitan tèren FC Torino a, ak Luka Modrić aprè Mondyal Klèb yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou