FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Ligue1

Ligue1

Gen yon nouvo règ sou katon jòn nan Ligue 1 an

imaj atik la

4 jiyè 2025   Benswilkenson Jean   542

Chanpyona peyi Lafrans lan ap pare l pou demare sezon 2025/2026 la. Gen yon nouvo règ ki parèt tèt li.


Nouvèl règ la baze sou zafè katon jòn. Katon jòn se yon avètisman abit santral la bay pou yon fot ki pa twò di. Nan règ sa a depi jwè a pran 3 katon jòn pandan yon peryòd 10 match, yo te konn sispann li pou l pa jwe pwochen match la.

Pou sezon sa nan Ligue 1 an, yo midifye règ sa. Pou kounya, depi yon jwè pran 5 katon jòn li p ap ka jwe pwochen match ki ap vini aprè 5èm katon an. Kantite match yo pa enpòtan ankò. Depi w pran 5 katon jòn, ou otomatikman p ap ka jwe pwochen match ki ap genyen aprè dènye katon jòn lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou