Aprè premye jounen demifinal yo ki te bay gwo espektak ak rezilta yo ki fini egalite, Ligue Port-au-Princienne de Futsal la ap retounen demen samdi 5 jiyè ak demifinal retou yo. Se de (2) gwo afich ki sou pwogram, kote kat (4) ekip yo ap mete tout fòs yo pou jwenn tikè final la.
Nan premye match la, FC 24 ap resevwa Shelcy FC a 10h30 nan maten. Nan ale a, de (2) ekip yo te lage yon match ki te gen yon kokennchenn gòl ki te fini sou yon egalite (4-4). FC 24 ap konte sou eksperyans ak bon sans gòl Claude Val St Thomas genyen, pandan Shelcy FC ap veye pou pwofite nenpòt feblès pou fè diferans lan.
A midi, se ADJ FC ki pral fè fas ak Santos FCF nan dezyèm demifinal la. Ekip sa yo te fè (3-3) nan premye rankont la, demen, yonn oblije genyen pou ale nan final. Anderson Sanon, ki te brile teren an nan ale a, gen anpil pou l pwouve ankò pou ADJ FC, pandan Santos ap konte sou kapasite atakan li yo pou mete presyon sou defans lan.
Tout je ap fikse sou jounen demen an, kote finalis sezon 2025 la va konnen non yo. Se pa yon match tankou tout lòt, se yon kote detèminasyon, disiplin pral fè diferans lan. Futsal pral pale demen. Fanatik yo deja pare, ou menm èske ou pare?
Pa bliye randevou a se yon sèl kote, Delmas 75, Gymnasium Ayiti Chéri.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou