ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

Lamine Yamal, pwochen eritye nimewo 10 FC Barcelone lan

imaj atik la

01 jiyè 2025   Jacky Chery   612

Nan kèk jou ankò, karyè foutbòl Lamine Yamal pral gen pou konnen yon moman enpòtan. Jèn pwodij katalan an pral vini nouvo nimewo 10 Blaugrana yo. Yon nimewo jeneralman meyè jwè FC Barcelone yo pote nan klèb lan.


Aprè Ansu Fati k ap kite FC Barcelone pandan mèkato an, atakan espanyòl 17 lane an pral rekipere nimewo 10 lan. Lamine Yamal k ap briye sou koulè katalan yo depi 2 sezon, pral franchi yon nouvo etap anndan ekip lan.

Aprè Rivaldo, Ronaldinho ak Messi pandan 21èm syèk lan ki te jwe avèk nimewo 10 pou FC Barcelone, Lamine Yamal anpil konesè deja klase pami meyè jwè mond lan pral kapab swiv tras lejann katalan yo.

Yon privilèj ki fini aprè renouvèlman kontra li an avèk FC Barcelone. Dirijan katalan yo ak Lamine Yamal ap prepare pou ofisyalize pasasyon sa nan yon gwo evènman ki kapab òganize nan jounen selebrasyon 18èm anivèsè jèn pwodij espanyòl lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou