Inter Milan konnen yon move moman nan fen sezon 2024-2025 lan. Lautaro Martinez pa kache fristrasyon l.
Klèb Internazionale a t ap byen pase nan kòmansman lane 2025 lan nan konpetisyon yo. Yo te nan demifinal Coppa Italia, yo te devan nan Serie A, yo te gen bon pakou nan Champions League lan.
Yon sèl kou tout bagay plonje pou klèb italyen an, yo elimine 3-0 devan AC Milan nan Coppa Italia epi Napples pran devan yo epi chanpyon sou yo nan Serie A a.
Malgre tout sa fen sezon an te gen yon ti espwa ak Champions League la aprè yo te fin elimine Barcelone nan demi final (3-3 ale, 4-3 retou). Men yo ta pral pran yon kalòt marasa nan men PSG nan final la 5-0.
Nan mondyal klèb la, Inter Milan te vini ak objektif pou pa pase atè nèt. Malerezman yo al pran yon so kabrit devan klèb brezilyen an Fluminense 2-0 nan 8èmfinal.
Entènsyonal ajanten an pa t kache fristrasyon l aprè fo pa sa.
"Mwen se kapitèn e mesaj mwen byen klè. Nenpòt moun ki pa vle rete nan klèb la, babay".
Selon prezidan klèb Inter a Marotta, Lautaro Martine se ak Hakan Calhanoglu li t ap pale.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou