Ayè samdi 5 jiyè a, tout mond foutbòl la te kenbe tèt li anba chagren pandan antèman Diogo Jota ak frè li André Silva ki te fèt nan vil Gondomar, Pòtigal. Anpil figi popilè te prezan: Virgil Van Dijk, Bruno Fernandes, Bernardo Silva, antrenè Roberto Martínez... men gwo absan ki te frape je tout moun se te Luis Díaz.
Jiskaprezan, pa gen deklarasyon ofisyèl ki sòti ni nan men Luis Díaz, ni nan klèb Liverpool la, pou esplike absans li. Men, plizyè medya fè konnen jwè a te nan peyi Kolonbi, kote li t ap patisipe nan aktivite komèsyal ansanm ak kèk enfliyansè lokal. Gen foto ki sikile sou entènèt la kote li parèt ap danse nan yon fèt pandan menm jou antèman an.
Reyaksyon pa t pran tan: anpil fanatik Liverpool ak Pòtigal pa kache fristrasyon yo. Yo raple jan Jota te sipòte Luis Díaz lè papa li te kidnape ane pase a. Nan yon match, Jota te menm leve mayo Díaz apre li te make yon gòl, kòm siy solidarite. Pou anpil moun, absans Luis la se yon fason li montre li san respè pou fanmi an ak Jota tou.
Gen lòt, menm si yo pa dakò ak chwa Luis la, yo eseye mete bagay yo nan kontèks, distans Kolonbi ak Pòtigal, difikilte vwayaj, angajman pèsonèl. Men sa pa sifi pou jistifye desizyon an, sitou lè kèk lòt jwè tankou Rúben Neves ak João Cancelo te fè vwayaj la pandan yo t ap jwe Koup Dimond pou Klèb yo nan peyi Etazini.
Absans Luis Díaz nan antèman Diogo Jota mete l nan mitan anpil kritik. Pami tout jwè ki te ka onore memwa yon koyekipye ak yon zanmi, li se youn nan moun ki te gen pi gwo rezon pou l prezan. Malgre rezon pèsonèl li, anpil moun ap mande èske se konsa nou onore memwa yon moun ki te deja fè anpil pou ou?
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou