BREZILSerieASerieBBrazilCupLòt
AKÈY BREZIL SerieA

SerieA

Ancelotti pral antrene Botafogo, li ap toujou ak Seleksyon Brezil la nan Mondyal la

imaj atik la

7 jiyè 2025   Steve Pierre   224

Davide Ancelotti, pitit gason Carlo Ancelotti, pral mete tèt li kòm antrenè prensipal pou premye fwa nan karyè li. Li prale nan peyi Brezil pou pran tèt ekip Botafogo a, yon ekip nan Rio de Janeiro. Jodi lendi 7 jiyè 2025 lan, li ap vwayaje sòti Madrid pou l al siyen ak ekip la.


Sa ki enpòtan nan nouvèl la, Federasyon foutbòl Brezil la (CBF) dakò ak desizyon sa. CBF te deja mete Davide nan estaf papa li, Carlo Ancelotti, ki se chèf seleksyon Brezil la. Davide te deja ak ekip la nan de premye match kalifikasyon pou Mondyal 2026 yo nan fenèt FIFA mwa jen an.

Malgre li pral vin antrenè yon klèb, yo jwenn yon akò ant Botafogo, CBF ak Davide, pou l kapab kontinye kolabore ak seleksyon an. Plan an se pou li ak seleksyon Brezil la pandan Mondyal la, menm si l ap travay chak jou ak Botafogo.

Nan Brezil, gen ti poz pandan fenèt FIFA yo, men pafwa yo konn itilize dat sa yo pou jwe match reta. Se pou sa, prezans Davide ak Seleksyon an ap depann de konpatibilite kalandriye a, men yo mete tèt ansanm pou asire l ap prezan pou Mondyal la.

CBF pa t mete okenn baryè pou Botafogo negosye ak Davide, klèb la te menm mande otorizasyon anvan. Sa montre gen bon konpreyansyon ant tout pati yo pou sa mache byen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou