Yon nouvèl ki frape mond foutbòl la tankou kout zeklè: Diogo Jota, atakan seleksyon Pòtigal la ak klèb Liverpool la, pèdi lavi li nan lanwit mèkredi 2 pou rive jedi 3 jiyè 2025 nan yon aksidan machin. Frè li, André Filipe Teixeira da Silva, ki se te yon lòt jèn foutbolè pwofesyonèl, te ladan l tou. Tou de (2) mouri sou plas.
Daprè sa otorite yo fè konnen, aksidan an te fèt sou gran wout A-52 a, bò vil Palacios de Sanabria, nan pwovens Zamora. Se nan zòn sa a machin lan ta pèdi kontwòl avan li sòti sou wout la epi pran dife. Premye ankèt yo di se petèt yon kawotchou ki te eklate. Lè sèvis ijans yo rive, pa t gen anyen yo te kapab fè.
Diogo Jota gen 28 lane. Se pa sèlman youn nan pi bon atakan Pòtigal, li te tou papa 3 timoun. Se sèlman 10 jou avan lanmò li, li te marye ak mennaj li, Rute Cardoso, 22 jen 2025 ki sot pase a.
Jota te jwe pou Paços de Ferreira, FC Porto, Atlético Madrid, ak Wolverhampton anvan li te travèse nan Liverpool an 2020. Avèk Reds yo, li make 65 gòl epi li pran 3 tit: Premier League (2024-2025), FA Cup ak League Cup (2021-2022). Li te gen 48 seleksyon ak Pòtigal, kote li te ede peyi li ranpòte 2 Lig Nasyon (2019 ak 2025).
Frè li, André, ki gen 25 lane, t ap jwe pou FC Penafiel nan 2èm divizyon Pòtigal.
"Federasyon Foutbòl Pòtigè a (FPF) ak tout foutbòl pòtigè a devaste aprè lanmò Diogo Jota ak frè li André," se sa seleksyon Pòtigal la ekri sou rezo sosyal X. Plizyè jwè, klèb, ak fanatik atravè mond lan eksprime doulè yo.
Diogo Jota ak André se yon pèt ki touche pa sèlman Pòtigal, men tout moun ki renmen foutbòl. Yo ale twò bonè.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou