Kredi Foto: @Alhama CF
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Defansè entènasyonal ayisyèn Ruthny Mathurin jwe jodi samdi an premye match li avèk Alhama CF k ap evolye nan chanpyona premye divizyon feminen an nan peyi Espay. Grenadye an tonbe fò nan match sa fas DUX Logroño (4-0).
Aprè yon eksperyans ki pa t abouti nan peyi Pòtigal, Ruthny Mathurin jwe premye match li kòm jwez foutbòl pwofesyonèl. Jwez ayisyèn lan, ki fòme nan ranch Kwadèboukè, t ap evolye avan sa nan foutbòl inivèsite an nan peyi Etazini.
Nan okazyon 18èm jounen Liga feminen an, Grenadye an te titilè pou premye match li avèk klèb Alhama CF lan ki tonbe pou yon 10èm fwa youn aprè lòt. Klèb ble e blan twouve l avan dènye nan klasman Liga feminen an aprè 18 jounen.
Nan match sa, Ruthny Mathurin te jwe tout premye mitan an, e ta pral kite plas li pou nimewo 10 ekip lan, Astrid Álvarez. Yon premye pa ki montre angajman jwez ayisyèn lan ki vle pwofite de talan l pou l ale lwen nan mond foutbòl pwofesyonèl lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou