Devan piblik yo, FK Auda t ap resevwa ekip premye a Riga FC nan estad Skonto Stadium lan. Rankont sa jwe nan kad 20èm jounen Virsliga ki se premye divizyon peyi Letoni.
Devan piblik yo, FK Auda t ap resevwa ekip premye a Riga FC nan estad Skonto Stadium lan. Rankont sa jwe nan kad 20èm jounen Virsliga ki se premye divizyon peyi Letoni.
Avèk Steevenson Jeudy sou ban kom ranplasan, klèb Auda konnen yon defèt ki pa ditou nan avantaj yo. Fas premye a, koyekipye grenadye a tonbe (3-1) nan fyèf yo sa ki pa ditou bon pou yo. Pou Riga, Regža 10èm, Musah 17èm ak Černomordijs 87èm te fè filè souke pou kloure Riga nan tèt klasman pandan Rubenis 57èm te eseye fè sa li kapab pou anpeche klèb li fè defèt malerezman yo tonbe.
Akoz echèk sa, klèb Jeudy a pèdi twazyèm plas la pou moman an. Ansyen jwè Violette AC z ki pa t prezan nan 19èm match la, te antre nan 84èm minit pou pote ranfò bay koyekipye li yo. Poutan li pa rive konble atant yo paske advèsè a te pi fò nan match la. FK Auda ki pèdi rankont lan okipe 4èm plas chanpyona Virsliga a ak 31 pwen.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou