AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon lòt Grenadye pral gen opòtinite evolye nan Major League Soccer an

imaj atik la

28 Jen 2025   Jacky Chéry   2418

Atakan entènasyonal ayisyen U-20 an, Nelson Pierre, monte nan premye ekip Vancouver Whitecaps FC an nan Major League Soccer an. Grenadye an siyen yon kontra pou yon sezon, avèk posibilite pou pwolonje jiska 2027.


Avèk yon mwatye sezon reyisi nan MLS NEXT Pro an avèk deja 11 gòl sou 14 match, Nelson Pierre pral kapab evolye pou kounya nan ekip pwofesyonèl Vancouver Whitecaps FC an.

« Nelson Pierre kòm meyè bitè MLS Next Pro an merite opòtinite sa. Tout klèb lan angaje pou soutni l nan pwogresyon l, ede l franchi yon lòt etap nan devlopman l », deklarasyon Axel Schuster ki se direktè spòtif Vancouver Whitecaps lan.

Nelson Pierre te nan ekip U-20 Ayiti ki te jwe eliminatwa mondyal kategori sa pandan lane 2024 lan. Atakan ayisyen an te jwe twa match avèk Grenadye yo ki te malerezman elimine.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou