AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon nouvo chapit pou Laurie Ann Moïse ki pran direksyon Masedwàn Dinò

imaj atik la

30 Janvye 2026   Jacky Chéry   1234

Atakan entènasyonal ayisyèn Laurie Ann Moïse rejwenn ofisyèlman Ljuboten FC k ap evolye nan premye divizyon peyi Masedwàn Dinò. Yon nouvèl klèb lan anonse jodi vandredi an nan yon kominikasyon sou rezo sosyal yo.


Aprè yon pasaj tou kout nan peyi Ostrali, Laurie Ann Moïse pati pou yon dezyèm eksperyans depi lè li lanse l nan foutbòl pwofesyonèl lan. Grenadye an siyen yon kontra avèk Ljuboten ki se youn nan pi gwo klèb foutbòl fanm nan peyi Masedwàn Dinò.

Jwez 25 lane an, ki pase nan FC Laval nan peyi Kanada, pral konnen premye eksperyans li nan foutbòl Ewopeyen an, avèk kòm posiblite pou ta kapab jwe Ligue Des Champions. Nan anons ofisyèl lan, Ljuboten pa presize kantite kòb kontra sa koute, ni kilè l ap fini. Klèb masedonyen an pa manke fè elòj atakan ayisyèn lan, ki ta dwe vin ranfòse atak yo an.

N ap note, Laurie Ann Moïse se jwez seleksyon nasyonal ayisyèn lan depi fevriye 2024, kote l te patisipe nan baraj medam Grenadye yo te patisipe pou premye edisyon Gold Cup fanm nan. Atakan ayisyèn lan pral pote nimewo 19 nan klèb masedonyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou