FC Sochaux-Montbéliard jwe kont FC Annecy, vandredi 23 oktòb 2026 la, nan kad 10èm jounen dezyèm divizyon chanpyona fransè a, gadyen entènasyonal ayisyen an Alexandre Pierre, pou yon lòt fwa te rete sou ban, li poko jwe yon minit ak ekip li sezon sa.
Sitiyasyon sa parèt diferan ak wòl li te jwe sezon pase a pou ede Sochaux jwenn tikè pou monte nan dezyèm divizyon. Pandan sezon 2025-2026 la, gadyen ayisyen an te patisipe nan 26 match chanpyona, kote li te fè 9 match san pran gòl. Kontribisyon sa te ede klèb la fini nan dezyèm plas nan Chanpyona 3èm divizyon fransè a pou jwenn tikè li pou Ligue 2.
Depi nan kòmansman sezon 2026-2027 la, Alexandre Pierre poko jwenn opòtinite pou l defann koulè Sochaux nan chanpyona. Mehdi Jeannin kontinye kenbe plas premye gadyen an, pandan entènasyonal ayisyen an ap tann chans li.
Match kont Annecy a reprezante yon lòt etap nan tann pou Alexandre Pierre. Ansyen klèb li te deplase sou teren Sochaux nan kad 10èm jounen an, men gadyen ayisyen an te rete sou ban.
Kòman yon gadyen ki te kontribye nan monte yon klèb kapab pase tout kòmansman nouvo sezon an san li pa jwe yon minit?
Èske Alexandre Pierre ap jwenn yon opòtinite pou l montre kapasite li nan Ligue 2 a, oswa èske Mehdi Jeannin ap kontinye rete premye chwa estaf teknik la?
Sa ki klè pou anpil sipòtè seleksyon nasyonal Ayiti a , si sa rete konsa yo vle wè gadyen nimewo 1 seleksyon nasyonal la nan yon ekip kote l ap jwe nan mwa janvye ki ap vini an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou