Kredi Foto: @MJSAC
Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC) anonse travay reyabilitasyon pak Sténio Vincent, nan Gonayiv, dwe kòmanse pandan mwa novanm 2026 la. Nan kad preparasyon pwojè sa, minis Pythagore Dumas te fè yon dènye vizit evalyasyon sou tèren an jedi 22 oktòb la, anvan lansman travay yo.
Daprè yon kominike ministè a pibliye vandredi 23 oktòb la, vizit sa te fèt sou demann Premye minis Alix Didier Fils-Aimé. Majistra Gonayiv la, Gina Jeanty, jounalis Johnny Ferdinand ki te la pou akonpanye delegasyon ministè a, ki te vin evalye kondisyon pak la anvan kòmansman travay reyabilitasyon yo.
Pandan pasaj li nan Gonayiv ,Minis Pythagore Dumas te rankontre ak reprezantan sosyete sivil la, otorite lokal yo ak plizyè aktè nan kominote espòtif vil la. Nan rankont sa, minis la bay asirans pwojè a ap reyalize daprè etid teknik ki deja fèt.
Li anonse tou yon apèl dòf dwe lanse nan semèn k ap vini an, anvan pwojè a antre nan faz egzekisyon an. Nan sans sa, li mande popilasyon Gonayiv la pou kolabore pou fasilite bon dewoulman travay yo.
« Nou tout transfòme an sipèvizè pou pwojè sa byen mache »
se mesaj minis la te bay moun nan vil la, daprè kominike MJSAC la. Atravè pwojè sa, ministè a di li vle amelyore kondisyon pratik espòtif yo pou klèb yo, jèn yo ak popilasyon an jeneral.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou