AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

LIPOFU : Nou konnen 2 ekip ki kalifye pou final la

imaj atik la

5 jiyè 2025   Steve Pierre   420

Samdi 5 jiyè 2025, Ligue Port-au-Princienne de Futsal te kontinye ak faz retou demifinal yo nan kad sezon 2025 pou operasyon FUTSAL 2026 la. Aprè match ale yo ki te fini sou egalite, retou a te deside tout bagay. Finalman, se Santos FCF ak FC 24 ki rive mete non yo nan gran final la.


Nan premye demifinal retou a, FC 24 te frape fò pou elimine Shelcy FC nan yon match ki te jwe samdi 28 jen. Aprè egalite (4-4) nan ale a, FC 24 te rive enpoze li (5-4) nan retou a, gras ak yon bèl pèfòmans Peterson Clervil te bay. Li make kat (4) gòl (3’, 34’, 35’, 39’) epi te resevwa tit MVP. John Kelly Clervil te ajoute yon lòt gòl pou mete ekip la an sekirite, malgre Shelcy FC te fè tout sa li kapab ak David Thelamour, Anderson Cherestal, ak Hermon Antoine ki te mete gòl pou yo.

Nan dezyèm match retou a ki te jwe jodi a, Santos FCF te bat ADJ FC (2-1 nan yon match ki te chaje ak tansyon. Peterson Amede te louvri eskò a an pou Santos nan 15èm minit epi Olivier Muscadin te double avantaj la nan 30èm minit. ADJ FC te vin jwenn yon ti espwa aprè yon gòl kont pwòp kan pa Ismael Hilaire nan 24èm minit, men li pa t ase pou evite eliminasyon an. MVP match la se Peterson Amede ki te met dominasyon sou mitan teren an pandan tout rankont lan.

Avèk rezilta sa yo, final la va mete Santos FCF kont FC 24 pou yon dènye gwo randevou ki gen pou bay tout verite. De ekip sa yo ap chèche kouwòn pou sezon 2025 lan epi fanatik Futsal yo deja pare pou viv final sa ak tout pasyon.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou