AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Violette AC jwenn yon nouvo dat pou match retou a, Leta ayisyen ap finanse deplasman an

imaj atik la Kredi Foto: @Violette AC

21 oktòb 2026   Gamarck Antoine   994

Violette AC ap jwe match retou demifinal CONCACAF Caribbean Cup 2026 la kont Portmore United FC mèkredi 28 oktòb nan Kingston, Jamayik, a 7è nan aswè, dapre yon kominike Ministè Jènès Espò ak Aksyon Sivik la (MJSAC) pibliye madi 20 oktòb la. Nan menm kominike sa, ministè a anonse Leta ayisyen pral pran an chaj depans vwayaj ayeryen delegasyon an.


Okòmansman, rankont lan te dwe dewoule madi 20 oktòb nan estad Cibao FC, nan Santiago, nan Repiblik Dominikèn. Otorite dominiken yo te anile otorizasyon yo te bay CONCACAF pou Violette AC te kapab jwe match li yo sou teritwa li a, aprè yon òganizasyon dominiken te anonse yon mobilizasyon kont dewoulman rankont lan.

Aprè yo fin anile match la, delegasyon Violette AC a te kite Repiblik Dominikèn pou l retounen an Ayiti. Dapre MJSAC, ekip la ap rete nan vil Okap epi l ap kontinye preparasyon li nan Wanament anvan deplasman li pou Jamayik.

Nan demach pou ede klèb la fè fas ak sitiyasyon sa, minis Jènès Espò ak Aksyon Sivik la, Pythagore Dumas, te kontakte sekretarya Violette AC pou l konnen bezwen ijan ekip la. Aprè sa, demann klèb la te transmèt bay Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, Leta ayisyen pran angajman pou l finanse vwayaj ayeryen tout delegasyon an sòti Okap pou rive Kingston, ak yon eskal nan Providenciales, nan zile Il Tik ak Kayikòs.

Violette AC ap gen yon defi enpòtan pou l leve. Aprè defèt 3-1 li te sibi nan match ale a, Vye Tig yo ap bezwen yon gwo pèfòmans nan Kingston pou eseye ranvèse rezilta a epi konsève chans li pou l kalifye pou final konpetisyon an.

Nan fen kominike a, MJSAC reyafime angajman l pou li akonpaye klèb ak atlèt k ap reprezante Ayiti nan konpetisyon entènasyonal yo. Ministè a pwofite anonse tou li pral travay sou etid teknik pou evalye posiblite pou konstwi de estad foutbòl modèn ki respekte nòm FIFA yo, youn nan Gran Sid la ak lòt la nan Gran Nò peyi a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )