AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Yon gwo wikenn Futsal, anpil gòl, anpil sispèns, okenn ekip poko wè klè pou final la

imaj atik la

30 jen 2025   Steve Pierre   517

Jounen samdi 28 jen 2025 la, Ligue Port-au-Princienne de Futsal (LIPOFU) te mete fanatik yo sou pikèt yo ak de (2) match demifinal ale ki te fini sou egalite. Gòl, aksyon ak sispens pa te manke nan de rankont yo, kote kat ekip demifinalis yo pa t bay youn lòt okenn repi.


Samdi ki sot pase a, teren futsal la te vin tounen yon veritab tè dife pandan premye jounen demifinal yo nan kad Ligue Port-au-Princienne de Futsal. Nan premye rankont la, FC 24 ak Shelcy FC te lage yon gwo batay ki fini sou yon egalite (4-4). John Kelly Clervil ak Claude Val St Thomas, yo chak te fè 2 gòl, ki te mete ekip FC 24 la sou bon wout ak gòl yo.

Men Shelcy FC pa t rete kole, li te reponn ak gòl Richardson Jn Louis, Jameson Aristil, ki fè 2 gòl, ak dènye gòl la se Hermon Antoine. Claude Val St Thomas te make de fwa epi li te chwazi kòm pi bon jwè match la.

Nan dezyèm rankont lan, se te menm sèn nan ant ADJ FC ak Santos FCF, kote match la te fini sou yon rezilta (3-3). Santos te louvri dans la ak Olivier Muscadin, Daniel Venelus epi Steeven Jn Michel. Sou bò yon lòt bò, ADJ FC te montre kapasite li pou retounen nan jwèt la gras ak Anderson Sanon, David Etienne epi Stanley Delva. Anderson Sanon, ki te mete anpil presyon sou defans advès la, te resevwa tit MVP pou jefò li.

Aprè rezilta egal sa yo, tout bagay ap jwe nan match retou yo ki fikse pou samdi 5 jiyè 2025 k ap vini la. FC 24 ap akeyi Shelcy FC a 10h30 nan maten, pandan ADJ FC ap resevwa Santos FCF a midi. De match sa yo ap detèmine ki de ekip ki va jwenn tikè final la epi chak grenn gòl va konte.

Fanatik yo deja konte sou dat sa pou yo sa konn kiyès ki pral rive nan dènye liy dwat konpetisyon an sezon sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou