Kredi Foto: @Pran sou facebook
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Rolph Edson Joseph, yon jèn 33 lane ki antrene plizyè klèb deja nan chanpyon nasyonal la. Jèn sila ki gen yon sans analiz, estratejik ak taktik entèresan, deja pile tèren CONCACAF yo nan tèt yon klèb nasyonal kòm antrenè prensipal
Kòman karyè Rolph Edson te kòmanse nan zafè Coaching lan?
Daprè esplikasyon jèn antrenè a ak jounalis redaktè GolAyiti a Benswilkenson Jean, pasyon sa te kòmanse pou li depi Koup Ewòp 2016 la, kote li te youn nan moun ki t ap analize match yo nan yon radyo nan vil natal li Senmak. Daprè bon sans analiz li, konfrè l yo te di l wout antrenè a sanble avèk li. Pandan tout tan sa a, Rolph Edson Joseph te jwè nan ekip Cosmopolite SC, ki te nan twazyèm divizyon nan epòk la. Pasyon l pral devlope plis toujou daprè sa li di, se lè li te konn ap swiv fason John Sévère ki t ap dirije ekip la nan moman an te bati yon gwo pwojè foutbòl ak Cosmopolite SC. Depi lè sa a boulon pasyon Rolph kòm antrenè deboulonnen. Epi rèv la pral kòmanse pran fòm nan lane 2019 nan tèt yon ti ekip ki se yon lekòl foutbòl yo te rele "Nouvelle Génération", se te premye eksperyans li. Ekperyans sa te tou fè l jwenn posiblite pou kreye pwòp pwojè pèsonèl li ki se AFSL (Académie Football Saint-Marcoise).
Nan menm lane 2019 la, Dirijan Baltimore SC yo te angaje Rolph pou li antrene ekip twazyèm divizyon yo a sou demand Coach David Thelemaque. Se depi la charyo antrenè Rolph Edson Joseph lage ak tout boulin.
KARYÈ ANTRENÈ L SÒTI 2019 JISKA 2025:
-Nouvelle Génération (NG 2019)
-Baltimore SC (seksyon twazyèm divizyon 2019)
-Cosmopolite SC ( Asistan 2, 2019)
-Cosmopolite SC (Asistan 1, 2019)
-Cosmopolite SC (Antrenè prensipal, 2021)
-Tempête FC (Antrenè prensipal, 2025)
-Cosmopolite SC (Antrenè prensipal 2025)
PALMARÈS ROLPH EDSON KÒM JWÈ:
-Seleksyon U15 (2007) ak U17 (2008)
-3 fwa Chanpyon nasyonal ak Tempête FC (2008, 2009, 2010)
-Tempête FC (2007-2011)
-Violette AC (2012-2014)
-Baltimore SC (2014-2016)
-Cosmopolites SC (2016-2018)
-Chanpyon 3èm divizyon ak Cosmopolite SC (2016)
PALMARÈ KÒM ANTRENÈ:
-Meyè Antrenè Super Coupe Amani-y
-Demi finalis Super Coupe Amani-y ak Cosmopolite SC
-Kalifye pou Pleyòf ak Cosmopolite nan premye edisyon Chanpyona nasyonal espesyal la
-Kalifye pou Pleyòf ak Tempête FC nan dezyèm edisyon Chanpyona nasyonal espesyal la.
Rolph Edson Joseph se yon jèn plen ak vizyon ak anpil anbisyon pou jwèt foutbòl la. Kontinye swiv GolAyiti, pou konnen vrè pwoblèm ki te genyen ant Rolph Edson Jules ak direksyon Tempête FC a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou