AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Cavaly pwouve Racing domine pa vle di genyen

imaj atik la

Cavaly pwouve Racing domine pa vle di genyen   Neuvième Junior   1501

Pou mete fen ak 5èm jounen match retou pleyòf la, Lig ayisyèn foutbòl te gen match Racing Club Haïtien ki t ap akeyi ekip Cavaly a pou klotire avan dènye sòti yo nan seri ouvèti a. Sou Parc Sainte-Thérèse, cheval wouj yo galope (1-3) sou Lyon yo ki te sòti pou mete dan anba kou yo tèlman yo t ap domine klèb site a.


Pou mete fen ak 5èm jounen match retou pleyòf la, Lig ayisyèn foutbòl te gen match Racing Club Haïtien ki t ap akeyi ekip Cavaly a pou klotire avan dènye sòti yo nan seri ouvèti a. Sou Parc Sainte-Thérèse, cheval wouj yo galope (1-3) sou Lyon yo ki te sòti pou mete dan anba kou yo tèlman yo t ap domine klèb site a.

Nan gwoup Sid la, te gen 4 ekip ki re lanse yo nan yon batay pou konnen kiyès pami yo k ap fini premye nan gwoup la e kalifye pou final seri ouvèti chanpyona nasyonal la. Gras ak yon meyè jesyon, bon fòm ak lòt detay, Violette AC rive pran biyè sa pou reyalize rèv sa ki t ap fè mawonaj la depi kèk tan.

Bò kote Racing, youn nan meyè ekip ki t ap chame moun ak pil jèn li genyen yo, eksplwa ki te fèt pandan etap pou entegre top 4 la, fini yon fason ki fè anpil moun ki t ap tann Lyon yo fè plis sezi. Aprè yon match kont Violette ki fini ak yon defèt, 2 nil kont Juventus des Cayes e yon nil kont Cavaly avan li te jwe retou a, Racing pran yon mechan kou nan retou fas ekip Leyogàn lan.

Malgre yon dominasyon ki montre Cavaly pa konn gou balon, klèb kapital la asiste ak yon defèt ki ap rete nan palmarès tou 2 ekip yo. Avèk yon seri bèl talan kote Racing, Parc Sainte-Thérèse te vrèman anime ak bèl pas, bèl drib e yon seri triyangilasyon ki make chak grenn moun ki renmen lè yon match foutbòl ap lave zye yo tèlman sa fre. Poutan, sa te vini ak yon dezolasyon pou jwè Racing yo ki sibi pwovèb sa ki di domine pa vle di genyen an.

Sou yon faz nan jwèt la kote gadyen Cavaly a te fè yon degajman, defans Lyon yo rate balon an ki al fini nan pye Jean Denickson Dajoly 16èm minit ki klase balon an nan dezyèm poto e mete rankont lan (0-1). 25èm minit, Dorley Evens Jean pwofite yon balon cheval wouj yo te rekipere nan mitan tèren an pou te mete match la (0-2) jiska poz mitan.

Nan dezyèm pati a, Andre Wanderley te redwi eka nan 48èm minit (1-2). Men gras ak yon chanjman ki pote rezilta kote antrenè leyoganè a ki te fè antre Wutsen Joseph, Cavaly te frennen ekip Racing lan nan ki pa t sispann pouse pou jwenn egalizasyon an. Nan 89èm minit (1-3). Gras ak viktwa sa, wouj e blan yo pase nan dezyèm plas la ak 6 pwen devan Solo yo ki gen 4 pwen.

Racing li menm, montre fanatik yo klèb la gen avni. Men y ap bezwen plis sipò pou travay lan kapab kontinye paske talan yo pwomèt anpil.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou