AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Juventus ak Racing Club Haïtien gen misyon pou al chèche premye viktwa yo demen

imaj atik la Kredi Foto: @Ticket

31 janvye 2026   Neuvième Junior   1520

Nan kad 6èm e dènye jounen chanpyona nasyonal la, de (2) rankont planifye pou jwe nan gwoup Sid la. Malgre tout moun gentan konnen ekip ki kalifye pou final seri ouvèti a, sa pa anpeche piblik la rete tann gwo dèbi a ant Violette AC ak Racing Club Haïtien. Dezyèm rankont lan ap mete Juventus des Cayes anfas Cavaly ki apèn sot fè premye viktwa li nan pleyòf la.


Nan kad 6èm e dènye jounen chanpyona nasyonal la, de (2) rankont planifye pou jwe nan gwoup Sid la. Malgre tout moun gentan konnen ekip ki kalifye pou final seri ouvèti a, sa pa anpeche piblik la rete tann gwo dèbi a ant Violette AC ak Racing Club Haïtien. Dezyèm rankont lan ap mete Juventus des Cayes anfas Cavaly ki apèn sot fè premye viktwa li nan pleyòf la.

Apre yon bèl pakou kote Racing CH te fini premye nan gwoup lan, anpil moun te gentan di klèb la ap reprann vi e panse l pral fè yon bon pakou nan pleyòf lan. Men, depi lè etap sa demare a, lyon yo pako janm fè yon viktwa nan faz sa. Kont Violette yo te echwe (2-0) nan ale a, fas Juventus se de (2) nil epi kont Cavaly yo fè yon defèt ak yon nil. Konsa, klèb sa ki ap grandi ak yon seri jèn talan, okipe dènye plas lan nan top kat (4) ekip ki te kalifye pou pleyòf yo. Dènye soti yo, se kont Violette AC nan Parc Sainte-Thérèse pou bèl dèbi lwès la.

Èske Racing CH ki te bat Violette nan faz gwoup la epi pèdi match ale pleyòf la kont Violette AC pral pran revanj epi konnen premye viktwa l ? Randevou demen dimanch lan.

Kote Juventus ki poko mete do okenn klèb atè nan faz sa, se pral moman pou yo ta fè sa pou premye fwa. Lakay Cavaly, gwoup Juventus la ap deplase pou ale jwe fas Cheval wouj yo ki rete sou yon dènye siksè (1-3) kont Racing CH.

Aprè kat (4) match nil ak yon (1) defèt, Juventus gen pou sove lonè kòm chanpyon an tit. Malgre yon foutbòl san pye ni tèt kote Kayen yo, sa pa anpeche fanatik yo ap tann yon premye eksplwa nan men yo.

N ap raple Violette AC deja kalifye epi ap tann ekip nan gwoup Nò k ap rejwenn li pou final seri ouvèti a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou