AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Kiyès Chedline Delma ye, yon jèn abit fanm ki ap fè eksplwa sou sèn nasyonal la?

imaj atik la Kredi Foto: @Team Pwofite

04 fevriye 2026   Benswilkenson Jean   1694

Chedline Delma fèt nan dat 25 septanm 2002 nan zòn dezyèm plèn nan Tigwav. Li fè etid klasik li nan lekòl Sacré-coeur de Vialet ak Lycée des Jeune Fille nan Miragwàn. Rosemaine Pierre se non manman l epi Germain Delma se non papa l.


Chedline Delma, se yon jèn abit 23 lane ki patisipe nan divès chanpyona sòti nan chanpyona vakans rive nan chanpyona nasyonal la.

Chedline se dènye pitit nan yon fanmi 11 pitit. Li aprann enfòmatik epi li evolye tou nan domèn atizana (kwochè). Papa l ki se Germain Delma se moun ki te ankouraje l antre nan jwèt foutbòl la. Chedline te gen yon pasyon anraje pou jwèt foutbòl la. Anvan li te vin konsantre sou domèn abit la, li te pase yon karyè kòm jwèz.

Chedline Delma lè li 13 lane pral antre nan yon lekòl foutbòl ki pote non EFYSMO. Depi lè a rara lage, yon bouji te apèn limen nan mond foutbòl la. Pozisyon l te jwe sou tèren an se te defansè.

Natif Tigwav lan te kòmanse woule boul sou tout tèren. Depi ak 14 lane, li te kòmanse jwe pou lekòl li Lycée des Jeunes Filles nan Miragwàn pou jouk li fini etid klasik li. Karaktè l ak detèminasyon l te fè l toujou devan sèn kòm lidè ekip li pase yo depi nan lekòl li. Aprè sa li pral pase plizyè klèb tankou Rangers ak Éclair. Nan tout klèb sa yo fanm vanyan sa te toujou gen brasa kapitèn lan.

Nan lane 2020, Chedline Delma pral bay karyè l yon lòt direksyon. Fwa sa a li chanje kan nan jwèt foutbòl la. Li p ap defann ekip ankò men li ap defann règ tèren an. Chedline pral kòmanse karyè abitraj li. Daprè Chedline rantre l nan domèn sa a se gras ak bourad kouzen l Weslot Poussin. Depi lè a jèn lan kòmanse antrene nan domèn lan. Malgre sa li te toujou konn antrene pou pòs defansè a tou.

Se depi la, Chedline kòmanse fòme lejann pa li an. Li jwe plizyè wòl nan koze abitraj la. Tankou asistan ak abit santral. Natif dezyèm plèn lan, fè match nan pi gwo chanpyona vakans zòn lwès ak nip la ki se AJSL ak Mirabèl.

Chedline pa rete sou sèn lokal sèlman men li se yon abit nasyonal tou. Li abitre deja nan chanpyona nasyonal espesyal la sou lejid FHF la. Pou kounya li se abit Ligue Haïtienne Football la, dènye match li abitre se nan Pleyòf la nan match ki te mete Juventus fas Violette AC a. Modèl li se Falone Dieurisma.

"Yo toujou banm fòs pou m grandi plis. Mwen jwenn plis moun ki renmen m nan sa m ap fè a pase moun ki pa renmen m". deklarasyon Chedline Delma.

Nan entèvyou sa a, jèn abit la pote yon mesaj klè ak tout jèn fi menm jan ak li ki ta renmen antre nan jwèt la. "Mwen ankouraje yo fè sa paske nasyon nou an toujou ap minimize fanm, di yo paka fè travay gason ap fè poutan se pa sa li ye vrèman. Depi nou gen konviksyon, nou gen detèminasyon, nou gen objektif, nou gen rèv ak viszyon anyen paka anpeche nou fè yon travay gason fè. Se jis kwè nan tèt ou di w kapab epi pou w avanse". pawòl Chedline Delma.

Nan pawòl ak nan karaktè Chedeline ouwè imaj yon vrè fanm vanyan. Rèv pa li se pou l vin yon abit FIFA menm jan ak idòl li Falone Dieurisma.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou