Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Si nan depatman Sid melanje ak Lwès dènye desizyon an gentan sòti, pou ekip k ap gen pou jwe final seri ouvèti chanpyona nasyonal la, ebyen, sa diferan nan zòn gran Nò a ki oblije tann dènye jounen an pou konnen kiyès k ap la pami 3 klèb ki nan batay toujou.
Si nan depatman Sid melanje ak Lwès dènye desizyon an gentan sòti, pou ekip k ap gen pou jwe final seri ouvèti chanpyona nasyonal la, ebyen, sa diferan nan zòn gran Nò a ki oblije tann dènye jounen an pou konnen kiyès k ap la pami 3 klèb ki nan batay toujou.
Aprè 5 jounen ekip ap monte desann kite lakay pou ale afwonte lòt klèb nan fyèf yo, wikenn sa, se ap dènye etap la pou tout moun konnen kiyès k ap rejwenn Violette AC nan gwo final sila.
Pou dènye jounen an, Ouanaminthe FC ki t ap mennen gwoup Nò a, retwouve l nan yon pozisyon kote l pa mèt desten l poukont li. Rezon an, akoz defèt yo te fè lakay Baltimore a (0-2), klèb Racing FC an ki pa t padone ASC (3-1), pwofite okazyon sa pou pran devan ak yon grenn pwen anplis Kapitèn yo.
Nan dènye jounen sa, Ouanaminthe FC ap gen pou resevwa vye kòk kapwa yo nan lakou Wanament, pou tante pran yon 3 pwen sou Parc Notre dame lan epi espere jwenn kalifikasyon pou final sa. Rankont sa ki ap mete 2 klèb yo fas pou fas nan 6èm jounen an, gen plis anje pou Kapitèn yo ki ap bezwen fè yon viktwa ak yon gwo eskò. Paske si yo ta rive bat ASC 1-0, match k ap mete Baltimore anfas Racing gonayiv la, ta dwe gen yon rezilta nil pou tach lan pi fasil.
Si Ouanaminthe FC ta bat ak eka yon gòl, 4×4 yo ta genyen Racing 2-0, lè sa, se Baltimore ki ap jwenn kalifikasyon an pou yon meyè diferans paske tou 2 gen 7 pwen ak yon diferans 0 gòl jiska prezan. Men sa k enpòtan, si Baltimore vle kalifye, pa gen lòt chwa se fè viktwa ak yon gwo eka menm jan Ouanaminthe pral chache sa.
Kote Racing, yo gen 3 opsyon pou espere kalifye. Si yo ta bat ekip 4×4 la k ap resevwa yo nan Parc Antoine Levelt, yo p ap bezwen konnen sa k pase nan vil Wanament. Lot chans lan, se fini sou yon eskò nil pandan ASC ta koke nan gòj Kapitèn yo pou anpeche yo fè viktwa. Si se konsa, Lyon yo ap kalifye. Dènye a se si Kapwa yo ta bat klèb Ouanaminthe lan, gonayivyen yo ap sèlman bezwen yon nil pou jwenn biyè final lan.
Fas ak tout bagay sa yo, Racing FC gen desten li nan men l tout fwa li pa ta vle konte sou lot match la. Y ap jis bezwen genyen Baltimore epi tann lè final la. Ouanaminthe FC kote pa l, bezwen viktwa avèk espwa lot match lan ap fini nil oubyen menm si Baltimore ta bat, pou sa pa anpeche yo pase pou yon meyè diferans gòl.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou