AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Ouanaminthe FC rate youn nan okazyon kalifikasyon final D1 an

imaj atik la

30 janvye 2026   Neuvième Junior   1229

Nan lakou Senmak sou Parc Antoine Levelt la, sèl grenn klèb Senmak la fè kè tout fanatik kontan. Pou retou pleyòf la nan zòn Nò a, klèb Baltimore an kite okipe dènye plas la nan top 4 la, revòlte kont ansyen lidè an (2-0).


Nan lakou Senmak sou Parc Antoine Levelt la, sèl grenn klèb Senmak la fè kè tout fanatik kontan. Pou retou pleyòf la nan zòn Nò a, klèb Baltimore an kite okipe dènye plas la nan top 4 la, revòlte kont ansyen lidè an (2-0).

Pou rankont sa, klèb Ouanaminthe lan te vini jwe ak yon sèl panse ki pa t lòt bagay se bat pou rache biyè kalifikasyon final seri ouvèti a. Poutan, mesye 4×4 yo ki konnen si yo bat kòman chans lan ap vin
n an favè yo, pote boure sou Kapitèn yo ki te parèt fatige.

Pandan pote boure sa te fèt bò kote jwè flamengo e nwa yo ki t ap miltipliye pas jis elye dwa yo a fè yon sant. defansè Ouanaminthe lan te twouve l nan pozisyon pou repouse balon an. Mal chans pou li, te gen yon jwè Baltimore ki jwenn rebon an e tante yon chout ki tou sèvi pas desizif ak Aristilde Baudelaire ki louvri eskò a nan 20èm minit.

Avèk avantaj (1-0) sa, Senmakwa yo te kontinye pouse ak entansyon pou rann sitiyasyon an pi grav pou advèsè yo. E rezilta pozitif la vini swit ak yon erè youn nan defansè klèb Ouanaminthe lan fè. Jwè 4×4 yo te rekipere balon an e fè yon atak ki al fini ak yon sant kote defansè a te repouse balon an. Malerezman balon sa te tounen nan pye menm jwè sa ki tou refoule l nan 16 mèt la sou tèt Aristilde Baudelaire 45èm minit, ki fè yon kout tèt rabat atè epi bat gadyen an ki te detire pou te eseye repouse l an konè. Malerezman pou li, se nan filè a li te oblije al pran balon an.

Touswit aprè defèt klèb Ouanaminthe FC a (2-0) kont Baltimore, Robens Philogène te pale nan mikwo LPS media. Nan sa l di yo:
'' li fè konnen trajè a pa t fasil pou yo, sa te kreye yon fatig. Depi lè yo kòmanse jwe, mesye yo te kòmanse pèdi nan jwèt la e kite twòp espas. Lè nou te vin konpran e deside pran desten nou an men, ekip la te redwi ak 10 jwè kont 11 sa ki pa t nan avantaj yo e Philogène fè konnen jwè yo te manke lisidite devan kan". Li te kontinye pou di, gen posiblite pou yo kalifye pou final. Enpòtan, se fè viktwa kont ASC nan dènye match la ak espwa y ap fini premye. Li fè konprann desten ekip la pa nan men yo sèlman. E nan mesaj Robens voye bay fanatik yo, kapitèn klèb Ouanaminthe lan di yo l ap tann yo tout paske 12èm moun nan ap enpòtan pou yo".

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou