AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Racing des Gonaïves fè apèl ak jwè l yo

imaj atik la

26 jen 2025   Benswilkenson Jean   973

Racing Fooball Club des Gonaïves tanmen yon apèl ak tout jwè li yo ki te patisipe nan premye edisyon chanpyona nasyonal espesyal la.


Direksyon klèb Racing lan vle pran yon lòt wout pou yon posib patisipasyon nan chanpyona nasyonal la ki prevwa demare mwa septanm 2025 lan.

Klèb gonayivyèn lan ki pa t patisipe nan dezyèm edisyon chanpyona nasyonal espesyal la, fè konnen se akoz erè teknik ki fè yo pa t prezan. Pou evite yon seri erè menm jan an, direksyon klèb la tanmen yon nouvo pwojè ki pote non "Renaissance".

Pou antre nan nouvo pwojè sa, direksyon klèb la fè apèl ak tout jwè ki te jwe premye edisyon chanpyona nasyonal la. Apèl sa se pou yo vin patisipe nan seyans antrènman ki ap demare 15 jiyè ki ap vini la pou demare sezon 2025-2026 la.

Jwè sa yo pral gen pou pase yon tès epi ekip la ap konnen aprè tès la kiyès li ap kenbe pou pwochen sezon an. Yon lòt bò, direksyon klèb la fè konnen yo p ap tolere okenn jwè yo ki te gen kontra ak lòt klèb chanpyona Mundialito a ni nan lòt chanpyona vakans yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou