AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Yon gwo batay ap prepare nan 6èm jounen Pleyòf gwoup Nò a

imaj atik la

29 janvye 2026   Benswilkenson Jean   1445

Chanpyona nasyonal la ap prepare l pou jwe 6èm jounen l nan gwoup Nò a. Racing FC, Baltimores SC, Ouanaminthe FC, se 3 ekip sou 4 ki ap goumen pou ale nan final Pleyòf la.


Ligue Haïtienne Footbal la ap prepare l pou konnen 6èm jounen Pleyòf. Yon 6èm jounen ki chaje sispens bò kote ekip yo nan gwoup Nò a.

Malgre Racing FC gen kontwòl tèt klasman an ak 8 pwen men tout bagay pral vrèman deside nan 6èm jounen an. Nan klasman sa a gen Baltimore SC ki kole nan do Racing FC ak 7 pwen, pandan Ouanaminthe FC bò kote pa l kenbe sispens lan tou malgre li plase twazyèm ak 7 pwen tou.

Twa ekip sa yo, youn poko konnen kiyès ki pral jwenn grenn biyè final la. Sizyèm jounen an se pral yon gwo batay nan nò peyi a sou diferan pak yo.

Racing FC ap gen pou kontre Baltimore SC nan kad 6èm jounen an, pandan Ouanaminthe li menm ap jwe kont AS Capoise. Match Racing FC kont Baltimore se youn nan rankont ki pral atire plis atansyon nan 6èm jounen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou